Jwèt se pa jwèt: Enpòtans jwèt nan lavi timoun, ak echèk kòm zouti lespri”




Gen anpil paran ki panse lè timoun ap jwe, se tan y ap gaspiye. Men, nan reyalite, jwèt se youn nan zouti ki pi enpòtan pou devlopman entelektyèl, emosyonèl, ak sosyal timoun. Li pèmèt timoun aprann kominike, rezoud pwoblèm, devlope kapasite reflechi epi konstwi karaktè yo. Nan peyi tankou Ayiti ak nan tout Antiy yo, nou gen avantaj gen anpil timoun ki renmen jwe. Se tan pou nou itilize lanmou sa a pou jwèt pou mennen yo sou wout lespri, disiplin ak siksè.

Timoun fèt pou yo jwe. Nan jwe, yo egzèse imajinasyon yo, yo eksplore limit yo, yo dekouvri nouvo eksperyans. *Jwèt pèmèt yo viv emosyon yo san danje, epi bati konfyans nan tèt yo. Se nan jwe tou timoun aprann kolabore ak lòt, pran desizyon, epi reponn a defi. Se pa ti plezi sèlman—se lavi*.

Men kounye a, _ki jwèt n ap mete nan men yo?_
Twòp timoun jodi a pase tan ap jwe jwèt sou telefòn ki pa gen okenn valè edikatif: jwèt vyolan, jwèt ki plen piblisite oswa ki fè timoun vin tèlman depandan, yo pa ka viv san ekran. Sa pa vle di tout jwèt dijital pa bon. Gen jwèt ki ka devlope kapasite lojik, memwa, ak ladrès. Men li enpòtan pou nou chwazi jwèt ki ankouraje timoun panse, jwe ak lòt moun, epi devlope tèt yo.

Youn nan pi bon jwèt pou lespri timoun
*Jwèt echèk* se yon zouti fòmidab pou devlope kapasite entelektyèl timoun. Echèk pa sèlman anseye timoun kijan pou yo jwe ak règ, li ede yo aprann pran desizyon, analize sitiyasyon, prevwa sa k ap vini, epi kontwole emosyon yo lè yo pèdi oswa genyen.

Daprè yon etid pa Margulies, L. (1992), “The effect of chess on reading scores”, jwèt echèk te montre yon ogmantasyon nan kapasite lekti elèv yo apre 9 mwa de pratik. Yon lòt rechèch pa Dr. Peter Dauvergne mete aksan sou kijan echèk ogmante kapasite rezònman lojik, konsantrasyon, ak memwa timoun yo. Echèk se pa jwèt “granmoun” sèlman. Timoun ka aprann li dèske yo gen kapasite natirèl pou aprann rapid, si nou mete yo nan bon kondisyon.
Nou, kòm granmoun, se pa sèlman jwèt n ap bay timoun yo, se modèl nou mete nan men yo. Lè nou montre yo sèlman jwèt kote objektif se frape, detwi, oswa ri de lòt moun, n ap kreye jèn ki pa ka kontwole tèt yo. Lè nou mete echèk, domino, dam, jwèt matematik, jwèt mo, nou ap fòme jenerasyon ki panse anvan yo aji. Jwèt sa yo se pa distraksyon, se zouti fòmasyon.
Jwèt gen pouvwa. Jwèt se kle ki louvri lespri timoun yo. Se responsablite nou, kòm paran, pwofesè, ak edikatè, pou nou chwazi bon jwèt pou timoun nou yo. Pa kite ekran pran plas refleksyon. Mete echèk sou tab la. Ankouraje timoun jwe li, konprann li, viv li. Paske se nan jwèt entelijan n ap bati sosyete entelijan. Se pa jwèt, se avni n ap prepare.

Paran, gade timoun ou ap jwe jodi a: èske se nan bon direksyon li ye? Èske jwèt li jwe yo ap ede li demen? Si w chwazi echèk, ou chwazi lasajès, refleksyon, ak lidèchip. An n mete jwèt ki bati lespri sou tab pitit nou yo, pou Ayiti ak tout Antiy yo ka jwi yon jenerasyon ki konprann valè panse anvan aji.



Mathurin Mathly 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Dans la ville des Gonaïves, Quelle Institution Scolaire Jettera La Première Pierre?

Histoire du Club d'Échecs Cavaliers Blancs de l'UPAG

Mérisena : Un Cadeau de la Résilience